Nòt pou laprès RASIN Kan Pèp La / 2 fevriye 2022 sou eleksyon akò Montana



Pòtoprens, 2 fevriye 2022

Nou p ap fè bak sou egzijans tranzisyon koupe fache a, nou p ap fè bak sou prensipal revandikasyon pèp ayisyen an ap pote depi 2018. 
Jou ki 30 janvye 2022 a, siyatè akò Montana a fè yon pa enpòtan nan demach pou mete kanpe yon gouvènman tranzisyon nan peyi a. Li enpòtan pou nou gade kote nou soti pou nou byen evalye kote nou ye jodi a, kote nou vle ale ak wout nou pran pou nou rive kote nou prale a.  

Depi jiyè 2018, nou antre nan yon peryòd espesyal nan istwa politik peyi a. Prensipal makfabrik moman sa a se yon mobilizasyon avèk anpil fòs kont rejim PHTK a ak tout sa li senbolize tankou koripsyon, mepri pou mas popilè yo, defans enterè gwo biznis letranje kont enterè peyi a, ogmantasyon taks kont enterè ti peyizan, ti machan, ouvriye ak kouch mwayèn yo, vyolans sistematik sou fanm, konplisite ak gang. Mobilizasyon yo pran divès fòm, pèp la fè prèv yon gwo kapasite rezistans san kanpe pandan 3 lane jiskaske federasyon gang ki pote non G 9 an fanmi e alye a te vin jwe yon gwo wòl nan fè represyon kont tout mobilizasyon pèp la ap mennen epi nan kreye yon pèrèz jeneral pou chèche okipe lespri nou. Pandan moman mobilizasyon sa a, pèp la mande yon tranzisyon ki koupe fache ak dirijan ki pa pran dikte nan men Kògwoup ak depatman deta, koupe fache ak koripsyon, enpinite, koupe fache ak rapò debalanse nan sosyete a ak tout konsekans rapò sa yo tankou lamizè, vyolans sou fanm. Revandikasyon pou tranzisyon koupe fache a tèlman te pran fòs, ata menm kèk pami aktè ki ap jwi privilèj nan rapò debalanse nan peyi a ap repete mo « tranzisyon koupe fache a » pou eseye twonpe vijilans pèp la. 

Depi fen 2020, batay la chanje teren. Li ale sou teren konsansis, teren pou chèche yon antant laj ant prensipal fòs demokratik, patriyotik ak pwogresis nan peyi a pou konble vid enstitisyonèl san parèy rejim PHTK a kreye epi poze baz pou yon lòt kalite sosyete. Baz pou yon lòt kalite sosyete pa vle di menm bagay pou tout moun. Pou nou menm pati RASIN Kan Pèp La, jan nou toujou di sa, poze baz pou yon lòt kalite sosyete vle di kreye kondisyon pou lajistis fè travay li, kreye kondisyon pou pèp la chwazi dirijan lejitim san enjerans okenn peyi letranje epi kontwole travay dirijan sa yo, kreye kondisyon pou yon veritab pwodiksyon nasyonal epi pou yon separasyon richès kote moun ki ap travay jwi fwi travay yo tout bon, kote tout moun jwenn byen ak sèvis yo bezwen pou yo viv nan diyite, kreye kondisyon pou vyolans sou fanm ak tifi kaba epi kraze baryè ki anpeche fanm yo patisipe nan tout desizyon sou òganizasyon peyi a.

Nan chèche yon antant laj pou mete kanpe yon gouvènman tranzisyon lejitim, genyen yon travay dekantasyon ki fèt kote moun ak òganizasyon ki plis sanble yo ap rasanble. Men tout alyans, tout rasanbleman yo pa genyen menm fòs, yo tout pa genyen menm imaj nan je pèp la. Tout rasanbleman yo pa fèt selon menm lojik ni menm prensip. Demach ki debouche sou akò 30 dawout 2021 an, se yon demach patisipatif ki angaje prensipal sektè òganize nan peyi a, prensipal fòs kredib yo. Genyen yon tandans pou rele tout kalite alyansay akò politik. Se yon travay kèk aktè ap fè pou eseye banalize sans akò 30 dawout la. Men sa pa mache paske pèp la vijilan.

 Chèche konsansis, mande sakrifis. Kèk fwa nou oblije fè bak sou kèk pwopozisyon, men sa pa vle di nou ka fè bak sou sa ki fondamantal pou jwenn yon solisyon ayisyen lejitim epi dirab pou gwo kriz peyi a ap travèse la. Nan kad akò 30 dawout la (akò Montana a), Konsèy Nasyonal Tranzisyon (KNT) a chwazi yon prezidan ak yon premye minis pou tranzisyon an. Se yon pa enpòtan nou fè. Nan kafou istorik nou ye la, fòk nou konnen tout desizyon nou pran ap genyen konsekans sou avni nou, avni pitit nou ak pitit pitit nou. Se pou sa nou menm, pati RASIN Kan Pèp la, nou menm fòs patriyotik ak pwogresis yo, nou p ap fè bak sou egzijans tranzisyon koupe fache a, tranzisyon pou poze baz pou lòt kalite sosyete a. Pa genyen okenn desizyon lejitim ak dirab ki ka pran san patisipasyon prensipal sektè òganize nan peyi a kit se pou tabli sekirite, kit se pou òganize eleksyon oubyen adrese pwoblèm mizè nan peyi a. Prensipal sektè sa yo rasanble nan kad akò 30 dawout la. Nou dwe kontinye avanse nan sans tranzisyon koupe fache a si nou pa vle kriz la reparèt avèk plis fòs nan kèk lane ankò.  

Respè pou pèp ayisyen an nan chèche solisyon pou kriz peyi a!

Viv yon solisyon ayisyen granmoun ak lejitim pou kriz la !
  
Marc-Arthur FILS-AIMÉ, Camille CHALMERS,
Sekretè Jeneral              Pòtpawòl

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne