Se yon dwa tout moun genyen pou opine sou dosye ki piblik. Pandan Fabrice Rouzier mete kesyon dwadotè a sou tab la sa atire atansyon m sou kòman yo eksplwate zèv moun nan sektè kiltirèl ayisyen an oubyen nan sa nou rele HMI an. Map kòmanse ak Fabrice sou menm kesyon an.
M pap rete sou pati sa kote Fabrice te deja eksprime ki kalite onè Joe Dwèt File fè Mizik Mizik, Mizik ayisyèn nan lè l foure men nan patrimwàn mizik ayisyèn nan pou pouse kilti nou ale lwen ak fason li te di li fè kont dyòlè li paske vizaj li parèt nan videyo yon gwo atis tankou Joe.
Kòm konnye a bagay la rive tribinal pou kesyon dwadotè ak imaj pèsonn Fabrice Rouzier. Se moman pou nou mande Fabrice kisa li menm li te fè pou veritab otè "Je Vais" yo. Nan yon resan videyo Fabrice nan mikwo Guy Wewe li sanse esplike mizik "JE Vais" a pa gen mèt lè l repete se yon bann gwoup twoubadou ki te konn entèprete l pami yo "Les frères Dodos". Nan menm videyo sa a, pou l inyore dwa Bicha gen sou Mizik la, li esplike se li ki te rele bicha fè l rakonte yon blag Tibato ke l renmen anpil nan Mizik la. Nan ka sa a: Ki akò Fabrice te jwenn ak Tibato avan li mete blag la nan mizik la?
Byenke yo inyore mèt mizik twoubadou "Je Vais " a men tout peyi a klame se Mizik "Les frères Dodos " ki antant li chèche jwenn ak yo?
Si kòb sa tonbe apre jijman an, kòman Mizik Mizik ap jere fanmi Eric Charles ki mouri nan povrete malgre l fè tout karyè mizik li ap kolabore ak yon bann milyonè nan Mizik Mizik ?
Se pa premye ka eksplwatasyon ki genyen nan sektè sa a. Mizapa ka Eric Charles la. Carl Frédéric Berman eksplwate Jean Bernard Thomas, pou yon ti moto atis la chante tout yon album fè kado. Ka sa a m paka bliye l paske nan moman an misye te sejoune avèk nou Boutilye. Roody Roodboy temwanye sou kolaborasyon l ak Olivier Martelly ki pat Sweet. Team Lòbèy (team milat) detripe Black Alex nan fè l jwe anrejistre mizik hit kanaval pou jwen krak. Tabou Konbo blo Dadou Pasquet nan vann nòt mizikal li ak Carlos Santana san l pa touche yon santi m elatriye.
Wi lajistis se abit, si Fabrice estime yo manje kouraj li. Nou pa kont li chèche yo repare l. Nan ka li ta genyen jijman li antame a, nou swete li repare Tibato pou blag li a "4 kanpe" a, Erick Charles pou dwa li sou mizik la, "Les frères Dodos" pou zèv "Je Vais" a. Pou lòt vaz ki kraze nan gouvènman yo ya debwouye yo.
Nap raple pa twò lontan la se te jis yon onè lè w entèprete mizik yon atis tankou nou wè gwoup RAP yo te konn entèprete anpil ansyen mizik konpa pat konn gen eskandal ( Barikd Crew, Rock Farm, Brimad, MCIM, Zatrap...)
Le temps a beaucoup changé ! Se pa mwen ki pral di nou, Michel Marthely ak sweet Micky entèprete mizik 4 kanpe a deja san l pa chanje anyen an kolaborasyon avèk Bicha. Methelus Mondy