Nan yon kontra ki siyen ant leta ayisyen ak Latin American Advisory jou ki te 6 fevriye 2022, gouvènman an ap bay kabinè konsiltasyon nan kominikasyon sa, 25000 dola vèt chak mwa pou fè lòbi pou li devan otorite peyi Tonton Sam yo.
Anbasadè peyi Ayiti ki nan Etazini Edmond Bocchit siyen yon kontra pou fè lòbi pou gouvènman Ariel Henry a nan peyi Etazini. Ak siyati kontra sa, leta ayisyen gen pou bay 25000 dola ameriken ak fim sa pou fè pwomosyon pou pouvwa a bò kote otorite peyi Tonton Sam yo.
Nap fè sonje pou pwojè nouvèl konstitisyon an, ansyen prezidan Jovenel te siyen plizyè kontra konsa tou pou te fè pwomosyon pou pwojè sa.
Tribòbabò
Tags:
Politique