Nòt 325 diplome ENS pou denonse Nesmy Manigat ak Ariel Henry






Samdi 12 Fevriye 2022


Nap voye yon gwo kout chapo pou tout jounalis konsekan ki toujou rete konekte ak pèp ayisyen an nan bon kou move tan.

Se avèk anpil tristès epi endiyasyon nou kontinye ap pale sou dosye nominasyon diplome ENS yo. Kontinye pale sou koze sila montre klè kou dlo kokoye otorite isit pa kwè nan moun ki fòme. Konpetans nou ak kalifikasyon nou te ka sèvi  peyi a pi plis, se domaj se nan fè mouvman leta peyi n mete n depi plis pase 3 lane pou 2 grenn chè lise.

Tout peyi a tande nan ki nivo Minis Nesmy Manigat pa sispann pale epi ekri pou fè kwè diplome ENS yo deja gen lèt nominasyon nan men yo.Nap di peyia se pa vre.Anyen poko fèt.

Se vre nou te patisipe nan yon aktivite senbolik nan dat ki te 24 janvye 2022 a ak Nesmy Manigat epi Ariel Henry. Se vre te genyen 14 kopi lèt senbolik yo te remèt nou. Men nap di pou listwa e pou la verite poko janm genyen anyen ki fèt sou dosye 325 diplome ENS yo.

Pa rapò ak lèt yo ki poko rive jwenn nou, ta sanble aktivite 24 janvye 2022 a te fèt nan lide pou manipile nou, fè matrakaj medyatik pou montre kominote entènasyonal la gen yon bagay serye kap regle.

Nap denonse ak tout fòs nou fason minis Nesmy Manigat ak Ariel Henry ap pase n nan betiz. Franchman se pa pou sa nou te sakrifye jenès nou poun te etidye.

 Mouche leta fè tout sal konnen poun pat menm ka li yon bout papye, nou pa menm bezwen pale sou kesyon inivèsite lèn konsidere kantite blokaj nou jwenn sou wout nou.Nou fin etidye  mouche leta fè tout sal konnen pou nou te kite peyi a pou ale brezil ak chili menm jan  yo deja pouse do anpil nan nou.

Men nou menm 325 diplome ENS yo, nou sèmante 7 fwa 77 fwa nou pap fè yon pa kita yon pa nago se nan peyi n nap rete pou nou akonpaye pitit pèp la nan lise yo.

Nan jou kap vini laa yo nap genyen poun pran laria poun kontinye goumen poun rache lèt nominasyon nou nan men Nesmy Manigat ak Ariel Henry. Kòm sak pi fasil pou dirijan isit lèw pran lari pou reklame sak pou ou olye yo ba oul yo pito bat ou arete w ou byen touye w ke yo kontinye ak pwosesis sila.

Moun ki siyen nòt sila se:

1) Jean Ronald OLYCE

2) Lineda-Mith LOCTAMA

3) Berno ANTOINE

4) Rony JOSEPH

5) Marc Arthur Yvens MERINE

6) Clarke .B SAINT-HILAIRE

7) Dann Gorver NONCENT

Pou kontak: 31184638 / 31160638/ 37187046/36631460

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne