Iran: Mona Heidari 17 lane, mari l dekapite l apre 5 lane maryaj epi flannen ak tèt li kenbe nan men l nan tout vil la

San okenn lapèrèz, okontrè se avèk anpil fyète samdi 5 fevriye a, yon nonm ap fè parad nan vil Ahraz peyi Iran ak tèt madanm li Mona Heidari 17 lane nan yon men yon gwo kouto nan lòt la. Yon aksyon kriminèl li poze sou madanm li aprè 5 lane maryaj.

Videyo trajik la deja ap fè wonn rezo YouTube kote jenòm nan tou souriyan pou montre tout moun satisfaksyon l apre krim nan pandan tèt viktim dekapite a kenbe nan men l. Yon zak Asosiyasyon Fanm NCRI kalifye kòm vyolans konjigal ki rive aprè Mona te deja viktim lè yo te fòse l marye lè li te gen 12 lane ak pwòp kouzen l. Li te kite peyi Tiki epi l ta rankontre ak yon refijye siryen sou Instagram. Sa ki ta jistifye zak mari a lè viktim nan retounen lakay li.

Lapolis deja mete anba kòd mètriye a ak tout yon frè l ki te patisipe ak li nan krim nan.

N ap raple kategori krim sa yo, vyolans sou fanm ak tifi toujou repete nan peyi Iran. Dènye ka sa a soulve anpil deba sou "Crimes d'honneur", kondisyon lavi medam yo ak maryaj timoun piti nan sosyete a.

Tribòbabò

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne