Anbasad peyi lafrans mande resòtisan kap viv Ayiti fè anpil pridans



Anbasad peyi lafrans ap sinyale tout fransè kap viv ayiti yo pou yo fè anpil pridans paske nivo ensekirite a pran yon lòt anplè nan peyi Ayiti. 

Sitiyasyon ensekirite kap brase bil peyi a bay anbasad lafrans nan peyi Ayiti anpil kè sote. Nan sans sa, li mande sitwayen peyi lafrans yo fè anpil pridans epi kontwole deplasman yo pwiske anpil moun kidnape nan peyi a nan dènye tan sa yo. Se yon fason, yo menm tou pou yo pa tonbe nan pèlen kidnapè yo.

Nap fè sonje wikenn ki sot pase a nèg ak zam kidnape plis pase 30 moun ki sot nan plizyè sektè nan peyi a.

Tribòbabò

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne