Nòt ansanm regwoupman Latibonit pou kore tranzisyon koupe fache sou lobedyans Fritz Alphonse Jean

Latibonit 15 Fevriye 2022

N ap voye yon gwo kout chapo pou laprès an jeneral patikilyèman sèten jounalis ki toujou sèvi ak mikwo ak plim yo pou sipòte batay mas popilè a an Ayiti.

Se nan yon sikonstans ki vrèman mande serenite, koudakoud pou n pran bon direksyon ap peyi nou Ayiti, avni nou ak demen tchovi k ap grandi yo. Nou menm reprezantan yon latriye asosiyasyon, regwoupman mouvman sendikal nan Latibonit ap fè tande vwa nou nan yon kokenn chenn konferans pou laprès nan lokalite Jandeni jou k ap Vandredi 18 Fevriye 2022, anba tèm "kore Fritz Alphonse Jean pou yon vrè tranzisyon koupe fache".

AZAKA di pa gen peyi san peyizan, e nou menm n ap ajoute pou nou di pa gen peyizan san akonpanyeman. Nan tan pase yo peyizan te konn fè konbit, popilasyon an te konn pwodui kanmèm jis avèk èd fosfat, azòt, tout kalte fimye, ak fòs zannimo pou laboure latè. Nan tan modèn nou ye kounye a Leta ta dwe elabore bon jan plan politik pou leve eskanp figi agrikilti peyi a, bay peyizan yo bon jan akonpanyeman nan materyèl, nan fòmasyon ak prete yo lajan. Men  koze sila yo Leta nou gen la a pa danse kole ak yo. Sektè peyizan an tèlman lesepoukont, sa pouse yo akouche plizyè asosyasyon, plizyè mouvman pou pote repons ak sitiyasyon sektè a kap anpire chak jou pi plis. Nou kapab konstate, depi 1994 nou nan anbago zam, vant nou depann prèske totalman de lòtbòdlo, ak vwazen nou sendomeng.

Mete sou tout sa, depi sou PM Joseph jouthe rive sou PM Ariel Henry ; gouvènman ayisyen an kenbe dwàn Senmak la anba sanksyon ki gen gwo konsekans sou agrikilti ak ekonomi sou tout depatman Latibonit lan. Sanksyon sa a anpeche danre rantre nan depatman an, sa ki lakoz chomaj, mizè lè li mete distans ak baryè nan mitan dyaspora a ak rès fanmi yo. N ap pwofite mande kapitalis sa yo èske depi lè sanksyon sa a poze sou dwàn nan, èske yo rive gen kontwòl ensekirite, kidnaping, vyòl ak vòl nan peyi a?  pliske se Senmak; selon sa yo vle fè kwè ki te motè oubyen pilye nan sèvi kanal pou zam rantre libelibè sou tèritwa.
 
Nou vle jwenn repons, e nou vle vrèman sa chanje tou.

Se poutèt sa nou chwazi kore yon gwoup moun nou fè konfyans atravè yon akò ki pou gen kontwòl tranzisyon koupe fache sa n ap klewonnen depi digdantan an. Nou kwè avèk prezans moun ki kredib pou mennen tranzisyon an n ap jwenn repons ak ekzijans nou yo. Bon jan eleksyon kredib ap kapab reyalize nan peyi a kote se chwa ak dwa pèp la kap respekte e non yon seleksyon jan yo abitye fè li.

Nou kriye viv akò Montana pou yon vrè tranzityon koupe fache avèk Fritz Alphonse Jean

Ayiti ayizan ayibobo
Sitwayèn angaje enperatris nasyonal Kettia Exantus

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne