MENFP: Desizyon ministeryèl ki konsène finansman sèl materyèl didaktik an kreyòl nan 4 premye ane lekòl fondamantal la



Pòtoprens, 21 Fevriye 2022


Lè n konsidere tout  dispozisyon ki genyen nan refòm edikasyon an ansanm ak tout rekòmandasyon ki soti nan tout etid ki fèt depi lontan rive jounen jodi a sou mannyè pou fè aprantisaj depi nan premye ane rive nan katriyèm ane lekòl fondamantal la ;

Dapre ansanm dispozisyon k ap pran nan kad demach pou nou fè pasemen nan kourikoulòm nan ak plas kreyòl la genyen kòm zouti ansèyman ak kòm lang pou yo apran (lang ansèyman ak lang anseye), depi nan premye ane fondamantal la jouk rive nan dènye klas etid segondè yo ;

Lè n konsidere nesesite ki genyen pou nou fè pwomosyon pou elaborasyon materyèl didaktik an kreyòl , espesyalman nan nivo kat (4) premye ane fondamantal la ;

Lè n konsidere prensip regleman ki nan dekrè 30 Mas 1982 a ki ankouraje pou aprantisaj la fèt nan lang manman nou : kreyòl la ;

Lè n konsidere Arete Prezidansyèl premye Sektanm 2014 la ki konsène 12 mezi ki pou kore refòm sistèm edikasyon nou an ;

Lè n konsidere divès ekzijans pwogram detaye nan Fondamantal la pou kreyòl la tounen lang ansèyman pou tout matyè nan kat (4) premye ane  lekòl fondamantal la ;

Apre konsilatasyon, evalyasyon ak plizyè reyinyon pou nou jwenn dizon tout konsène yo, nou deside : apati ane akademik 2022-2023 a, Leta ayisyen p ap finanse , ni soutni okenn materyèl didaktik an franse ki dwe sèvi pou aprantisaj elèv nan kat (4) premye ane lekòl fondamantal la ;

Mete sou sa, lè n chita sou jan tan an ap evolye a epi lè n gade kalte anviwònman peyi d Ayiti genyen nan espas Karayib la, espas Latinoameriken an ak espas Nòameriken an, MENFP deside ankouraje kominikasyon oral nan lang franse, lang angle ak lang espayòl, depi premye ane yo nan lekòl fondamantal la ;

Se pou sa, MENFP envite tout direktè lekòl Repiblik la (lekòl piblik kou lekòl prive) pou yo respekte dispozisyon sa yo, nan lide pou pèmèt aplikasyon mezi sila a kòmsadwa.

Nesmy MANIGAT 
Minis

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne