Nan yon nòt pou laprès ki soti jedi 10 fevriye a, manm siyatè akò Montana ki gwoup yo nan strikti konbit sendikal mande pou kanpe tout negosyasyon ak premye minis la paske li ta enplike nan Lanmò Jovenel Moïse la.
Anpil aktè pa sispann kritike premye minis Ariel Henry nan Lanmò Jovenel Moïse la. Aktè sa yo chita sou rapò RNDDH, atik ki sou soti nan jounal peyi Etazini. Apre tout konsta sa yo, aktè ki siyen akò Montana mande Biwo swivi Akò a pou kanpe tout negosyasyon avek premye minis la.
Nan yon lòt bo, yo egzije fòk chèf gouvènman peyi Ayiti a al reponn kesyon lajistis prese prese yon fason pou moun konnen kote plan lanmò prezidan Jovenel Moïse la soti paske dapre jounal CNN, jij enstriksyon Garry Orelien fè konnen Ariel Henry te nan planifye zak sasinay sou prezidan Jovenel Moïse la.
Anpil aktè politik pa janm mande Premye minis Ariel Henry pou l al reponn kesyon lajistis nan kad dosye sila.
Tribòbabò
Tags:
Politique