Manm fondatè sendika polis nasyonal la Abelson Gros Nègre remèt ayè lendi 14 fevriye 2022, tout materyèl enstitisyon an nan Direksyon Lojistik lapolis.
Apre 12 lane, Abelson Gros Nègre vire do bay lapolis apre li fin remèt tout materyèl enstitisyon an nan Direksyon lojistik. Ansyen polisye a mande tout lòt polisye pou fè tankou l pou evite sal imaj enstitisyon an.
Pi lwen avoka ansyen polisye a, Mèt Arnel Rémy felisite konpòtman kliyan l ki montre respè li pou enstitisyon an. Nou gen yon pwosèvèbal nan men nou ki montre kote Abelson Gros Nègre remèt tout materyèl li.
Ansyen polisye a mande polisye yo pou yo sispann maltrete popilasyon an kap mande yon lòt kondisyon pou yo viv.
Tribòbabò
Tags:
Sécurité