Le mouvement Matris Liberasyon suggère une proposition unitaire pour une issue à la crise politique en Haïti



Nou menm Matris Liberasyon, kriz tchakmatchak sa fè nou pouse yon gwo rèl, pou mande tout regwoupman politik nan opozisyon an ak sosyete sivil pwogresis la:
“Fè jefò pou ale pi vit nan jwenn yon sèl pwopozisyon k ap ride nou mennen peyi a nan estabilite aprè manda Jovenel Moise la fin bout 7 fevriye 2021, daprè atik 134-2 konstistion 1987 amande a.

Tout Regwoupman politik pwogresis nan lopozisyon kap goumen pou respè atik 134.2 nan konstitisyon 87 amande a dwe konprann Nan demokrasi li nòmal pou nou gen pwentvi ak pwojè ki depaman, men nan kalfou santi di peyi a twouve l la, li plis nòmal pou nou aji ansanm pou retire peyi a nan bafon endiyasyon ak desepsyon tout kalte rejim PHTK Jovenel la lage nou an!

Mezanmi!!!
Ann antann nou vit sou dire manda tranzisyon an
Ann antann nou sou kilès ki dwe ranplase vid laprezidans lan aprè 7 fevriye 2021 an!
Ann antann nou sou yon pwopozisyon k ap charye tout revandikasyon pèp ayisyen: tankou pwosè petrokaribe, pwosè masak ak krim politik, liberasyon prizonye politik yo...

Ann antann nou prese prese sou yon grenn pwopozisyon!

Pa bliye nou tout sòti nan Matris pèp la...
Nou gen yon responsabilte etik pou n travay pou byennèt li!
Kidonk 7 fevriye 2021, wè pa wè se volonte pèp la k ap finalman sou tab tranzisyon koupe fache sa a!!!

Nou se Matris Liberasyon!!!

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne